Neyemi, Leve
Prensip Bib la sou Fason pou Mennen yon Kominote
-
- $16.900
-
- $16.900
Descripción editorial
Si ou vle pou ou dirije avèk yon angajman san fay, enspire sila yo ki antoure ou yo, epi kite yon eritaj chanjman pozitif, “Neyemi, Leve”, se yon gid k ap nesesè pou ou. Liv sa pote enfòmasyon pratik k ap ede ou reyalize objektif pou ou bati kominote. Si ou ap chèche fè yon kokennchenn enpak epi kreye yon kominote ki gen tèt ansanm epi byen anrasinen, liv sa se alye ki ap pèmèt ou rive fè sa. Nan “Neyemi, Leve”, Bichòp Gregory Toussaint prezante yon analiz lidèchip pwisan epi byen detaye ki chita sou istwa san parèy Neyemi an nou jwenn nan Bib la. Liv pasyonan sa sèvi limyè pou gide nenpòt moun ki ta vle vin yon lidè k ap transfòme epi k ap pote yon enpak k ap dire lontan nan kominote li a. Lè a rive pou prensip lidèchip sa yo ki la pou transfòme moun nan gide wout ou. Ansanm, se pou nou leve.
Se yon gid ki la pou transfòme nenpòt moun k ap chèche :
● Aprann kalite lidèchip ki nesesè yo
● Bati yon kominote k ap pwospere
● Monte yon ekip nan travay yo
● Devlope estrateji k ap mache pou fanmi yo